Enpòtan: Chanjman sou SBA Loan pou Rezidan Pèmanan
Dènye chanjman nan règleman yo fè konnen, nan kèk pwogram SBA Loan, rezidan pèmanan (Green Card holders) pa kalifye ankò pou aplike dirèkteman. Règleman sa yo ka varye selon kalite prè a, bank la, ak kondisyon federal yo.
Sa vle di li enpòtan pou pa pran desizyon finansye san bon enfòmasyon. Anpil refi oswa pwoblèm rive paske moun pa byen konprann nouvo kondisyon yo oswa yo aplike san verifikasyon.

Men sa nou konseye:
- Toujou verifye kalifikasyon w anvan w voye nenpòt aplikasyon ale
- Chèche enfòmasyon ki ajou sou pwogram SBA yo
- Konsilte yon pwofesyonèl pou konprann altènativ legal ki disponib yo
Menm si kèk pòt fèmen, gen lòt opsyon finansman ki ka egziste selon sitiyasyon w (prè prive, patenarya, lòt pwogram biznis). Chak ka diferan.
Bon enfòmasyon pwoteje w. Bon konsèy evite w tonbe nan erè.

Leave a Reply